News Release Header
For Immediate Release:
January 22, 2010

Media Contact:
EOC PIO Workroom

305-468-5954

Marie Bertot

305-375-1545



Sant enfò masyon adisyonèl pou Ayiti ouvè nan zò n santral ak zò n sid Miami-Dade


(Miami-Dade County, FL) -- 
De lòt sant enfòmasyon ak kominikasyon ouvè pou desèvi rezidan Ayisyen-Ameriken nan Konte Miami-Dade. Sant yo ofri yon varyete de sèvis sosyal, ak yon sèvis telefòn entènasyonal pou Ayiti gratis. De nouvo sant yo -- Haitian Senior Center, 5080 Biscayne Boulevard, ak  klib Minor League Club House, 1601 SE 28th Avenue, etabli pa Vil Homestead ak Florida City - gras a  AT&T ki fè sa posib.

Depi mèkredi 13 janvye mwenske 24è apre tranblemandtè a, yon twazyèm te déjà ouvè. Sant sa a chita nan Edison/Little River Neighborhood Center, 150 NW 79th Avenue, li déjà desèvi pliske 300 kliyan. Moun yo ap jwenn enfòmasyon sou sèvis sosyal, sit koleksyon kontribisyon èd yo, epi konekte Ayiti ak telefòn entènasyonal gratis gras a Comcast.

Majistra Carlos Alvarez de Konte Miami-Dade di konsa, "Se yon gwo sèvis pou nou konekte kominote Ayisyen-Ameriken nou an ak fanmi yo epi zanmi yo an Ayiti. Mwen vreman apresye patnè nou yo nan sektè prive a pou kontribisyon a aksè sèvis telefòn la."

Enfòmasyon Lè Douvèti ak Kontak Sant enfòmasyon Ayiti yo:

  • Edison/Little River Neighborhood Center
    150 NW 79 Street, Miami
    Lendi a Vandredi de 8:00 a.m. to 6:00 p.m.
    Telefòn: 305-795-1552
  • DHS Haitian Senior Center
    5080 Biscayne Boulevard, Miami
    Lendi a Vandredi de 8:00 a.m. to 6:00 p.m.
    Telefòn: 305-758-3561
  • Minor League Club House
    1601 SE 28th Avenue, Homestead
    Lendi a Vandredi de 9:00 a.m. to 6:00 p.m.
    Telefòn: 305-257-6917  

      
Lisa Skirving, Chèf Biwo DHS, ki jere Sant enfòmasyon Ayiti nan Edison/Little River di konsa,  "Li vemouvan lè youn nan kliyan nou yo konekte ak yon fanmi lakay yo, li koumanse pale fò, lap rele ak kriye ak lajwa toupatou. Dlo vin nan je tout moun."

Pou plis enfòmasyon, rezidan yo kapab rele 3-1-1 oswa ale sou www.miamidade.gov.


 

# # #

 

OFFICE OF THE MAYOR
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street, 29th Floor Miami, Florida 33128
(305) 375-5071